Sèvis
Women In Distress of Broward County, Inc. se sèl sant nasyonal ki akredite, leta sètifye pou bay tout sèvis sou domestik vyolans epi k ap sèvi Broward County.
Sèvis nou ofri yo gratis pou tout viktim domestic vyolans kèlkeswa laj, Sèks, ras, oryantasyon seksyèl, kondisyon imigrasyon, oswa pozisyon sosyo-ekonomik. Akomodasyon kapab fèt pou tout lang, ansanm ak bezwen pou moun ki andikap.
Shelter pou ka ijans: Shelter pou ka ijans la se nan kè Women In Distress’ misyon e li ofri fanmi ki sove sitiyasyon abizif yo shelter ki an sekirite ak sèvis kritikal.
24-èdtan Liy dirèk pou kriz: 24-èdtan Liy dirèk pou kriz la se (954-761-1133) li opere 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semen pou bay entèvansyon ijans ak enfòmasyon sou sèvis ki disponib. Liy dirèk pou kriz ka kontakte nan nimewo sa TTY / TDD (954-527-5385) pou moun ki gen pwoblèm pou tande.
Advocacy & Sipò Gwoup: Atravè sesyon endividyèl, advocate asiste viktim domestik vyolans kreye e mentni yon plan sekirite endividyèl, bay jesyon ka ki konsantre sou Identification sèvis, epi bay resous patisipan-an ka bezwen. Advocates tou fasilite gwoup sipò ki pèmèt patisipan yo eksplore eksperyans yo nan yon anviwònman ki louvri, epi ki an sekirite.
Terapi: Pwogram Terapi bay se asistans klinikal pou moun ki ap soufri ak sentòm apre subi yon abi vyolans ki afekte kapasite fonksyonman chak jou.
Objektif nan sesyon terapi a se diminye efè twomatis akòz de domestic vyolans, epi pèmèt sivivan re-angaje nan aktivite chak jou yo.
Sèvis pou Timoun: Avèk konsantman paran, nou ofri sèvis ki laj apwopriye pou timoun jiska laj de 17 an. Sèvis pou timoun yo enkli bati yon plan sekirite ki ekipe a bezwen timoun nan, shelter ijans, respite pandan paran ap resevwa sèvis, konsèy endividyèl ak gwoup sipò ki separe nan laj ak sèks kategori timoun nan.
Sivivan ka pran yon randevou lè w rele 954-760-9800 oswa vini nan Jim and Jan Moran Family Center si gin yon bezwen ijan.